Bondye Granmèt m’ap diw mèsi
Bondye Granmèt m’ap diw mèsi
Pou tout saw fè nan lavi mwen papa
Renmen w pou mwen pap janm fini
Papa Bondye mèsi anpil
O mèsi, mèsi, mèsi
O mèsi, mèsi chè papa
Mèsi chè papa, mèsi pou
tout tan
2- Ou banm Jezi pou mwen konnen w
Se gras a li mwen jwenn padon w Papa
Ou ban m’ lafwa pou mwen renmen w
Papa Bondye mèsi anpil
3- Gen anpil fwa m’ dekouraje
Tèlman lavi pa fasil Papa
Ou banm gras ou poum sipòte
Papa Bondye mèsi anpil
Commentaires
Enregistrer un commentaire