Lekaristi, mèsi Bondye

Lekaristi, mèsi Bondye
Manje sila bay fòs nan nanm
Si kè ou pwòp frè-m sè-m vini manje
Bondye nouri-n ak pwòp kò li.
                -1-
Pran sa se kò mwen se mwen ki ban nou-l’
Se pou-n fèl pou-n toujou gen lavi
Jezu bay pwòp tèt li, pou Papa pou Lespri-a
Se yon siy pou fè nou konprann jan Bondye renmen nou
                             -2-
Pran sa se san mwen, pa ezite bwè-l
Li k’ siyen kontra Bondye fè-a
Li koule pou-n jwenn padon epi pou lavi-n chanje
Jezu kache nan losti a rann trinite a glwa.
                            -3-
Lè nou manje kò Jezu, feblès yo ale
Satan pèdi pye-l leve kouri
Ti moso pen sa se pi gwo mèvèy Bondye

Mete lafwa-w nan li zanmi mwen pou lapè ranpli kè-w.

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

De mon cœur seigneur a jailli un merci

Map chante lwanj pou ou

Rassemblés comme des frères à la table du Seigneur