Vini fè gran fèt pou Granmèt la
Vini fè gran fèt pou Granmèt la
Paske Granmèt la fè mèvèy (2)
-1-
Vini an nou fete Granmèt la
An nou bat bravo pou fòs ponyèt li k’ ap sove
nou
Paske li mete chèf ap kòmande pèp li a
Se nan bouch chèf sa yo li mete pawòl li.
-2-
Pwoche devan li avèk gwo louanj
Fete li ak tout kalite bèl chante
Paske Granmèt la se sèl Bondye tout bon
Sè-l gran, sèl chèf, sèl wa anwo nèt.
Commentaires
Enregistrer un commentaire