Depoze sa w genyen pou granmèt la


Depoze sa w genyen pou granmèt la
Pinga w gade pou ou vye frè
Men si w lavi a pa ofri w anpil
Men pati pa granmèt ou dwe mete l apa.

1- Lavi a gen tout kalite moun
     k’ap vire, k’ap tounen, k’ap redi pou yo viv,
     Men se pa tout moun k’ape travay
     Ki konnen separe ak sa ki pa genyen.

2- Gen de moun ki gen anpil manje,
     Ki gen npil lajan jis y’ape gaspiye.
     E poutan Bondye pa janm dakò
     Pou yon pati gen twòp, yon pati pa genyen.

3- Gen de moun k’ap rale kout pikwa
     Y’ap voye kout manchèt
     Pou pitit yo manje / Si Bondye pa te voye lapli

      Pita se vant mare anba yon lavi chè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

De mon cœur seigneur a jailli un merci

Map chante lwanj pou ou

Rassemblés comme des frères à la table du Seigneur