Papa nou vin lakay ou


Papa nou vin lakay ou
Pou nou chante jwe mizik pou ou
Nou vin fete avèk ou
Se jou viktwa Jezi sou lanmò

1- Nou vini fè konpliman pou ou
Pou lafwa ou mete nan kè-n
Nou vini di ou jan nou kontan
Pou lespwa/lagras ou ban nou

2- Nou vini di ou yon gwo mèsi
Pou priyè-n yo ou egzose
Ou konnen limit nou kòm pechè
Se sa k’ fè ou toujou kenbe n’

3- Nou vini tande mesaj ou yo
Pou mete fòs nan feblès nou
Nou pa kapab fè anyen san ou
Tanpri bann plis lafwa chak jou.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

De mon cœur seigneur a jailli un merci

Map chante lwanj pou ou

Rassemblés comme des frères à la table du Seigneur