Siw gen kado pouw pote mete sou lotèl Granmèt la


Siw gen kado pouw pote mete sou
lotèl Granmèt la
Sonje si w’ pa gen lèdmi ak tout lòt frè w yo.
Siw gen lèdmi ou mèt retounen ak sa ou pote a
Ale rankontre ak frèw pou-w rekonsilye.

1- Se lè nou pa gen lògèy,
Se lè nou pa divize,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.

2- Se lè nou pa gen kont ak lòt
    Se lè nou youn renmen lòt
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.

3- Se lè Bondye rele nou,
Se lè pou n’al fè misyon,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.

1-     Se lè nou vin pataje
Fwi travay nou Bondye ban nou
Ansanm ak pitit li yo
       Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

De mon cœur seigneur a jailli un merci

Map chante lwanj pou ou

Rassemblés comme des frères à la table du Seigneur