Map chante lwanj pou ou
Map chante lwanj pou ou
Ou-k Granmèt, Ou-k Bondye
Map di jan non ou Gran
Jan-w renmen nou tout tan
Ou-k Granmèt, Ou-k Bondye
Map di jan non ou Gran
Jan-w renmen nou tout tan
-1-
Map diw mèsi Granmèt Ak tout fòs mwen genyen
Ou-k panche pou koute Pawòl mape pale
Map chante poum lwanjew devan mesajew yo
Map met jenou'm atè nan kay ou ki apa

-2-
Map chante lwanj pou non'w Pou renmen ou renmen'm
Pou fidèl ou fidel Pandan tout tan gentan
Pwomès la ou te fè Depase sam tap tann
Lèm relew ou koutem Ou banm fòs ak kouraj

-3-
Tout wa yo ki dou tè Yap di mèsi Granmèt
Yo tande bèl Pwomès Ou te fe ak bouch ou
Yap fè lwanj ou Granmèt Pou chemen ou trase
Yap di ala li Gran Fòs pouvwa Granmèt la

-4-
Granmèt la ki anwo voye je'l sou sak pòv
Men sak konprann li rich, Granmèt la rete lwen
Si map mache nan nwa, se ou-k sove lavim
Malgre lenmi mwen yo, ou lonje menw sovem

-5-
Granmèt la ap fini sal komanse pou mwen
Granmèt ala ou bon pou tout tan kap gen tan
Pa lage travay la ou te fè ak men ou
Lwanj pou ou Granmèt nou, pou tout tan kap gen tan.

🙏
RépondreSupprimer🙏
RépondreSupprimerBondye m nan gran!
RépondreSupprimer🙏🏽
RépondreSupprimer